jeudi 27 octobre 2016

PRESENTATION de STEEVY DA LEGEND


                                                  PRESENTATION de STEEVY DA LEGEND


                Steevy Da Legend se yon jèn ki renmen mizik depil tou piti,li fèt nan 18 Avril nan lane1998.Anpil moun konnen'l sou non sa manman'l te ba'l ki se Steeve Daryl Mathieu,pandan l'ap grandi li pat janm panse ke yon jou li tap devlope talan ekri mizik.se nan lane 2013 ak èd yon zanmil ki rele mackenson Fils-Aimé ki te wè misye gen kapasite poul ekri yo deside kreye yon group Rap ki rele Fire Crew ki la jis kounyea.
               Premye mizik yo se te PA FEM SOUFRI,yon mizik ke neg yo pat menm panse ki tap rive sou piblik la.Apre sa anpil lot atis te entegre group sa e yo te vin  kontribiye a devlopman li,pandan tan sa Steevy tap byen pèfome nan mizik group li ak lot mizik yo featuring li sou yo,ki vin fè anpil moun te vin ap dekouvri talan li. Apre kek Tan li vin entegre yon lot group ki fenk kreye nan Okap la ki rele TNT Nation kote misye te patisipe sou premye mizik group la ki rele BOOTY SHAKE ki fè pale de li .Apre 3 zan nan Rap la ,li deside ouvri pwop karyè solo li nan mwa Oktob la pou piblik la familyarize li plis ak li.
               Jodia se yon plezi pou nou prezante'w atis sa nan Smart Show,Atis la te fè nou konnen mizik kap ouvri karyè li lap rele " Lanmou'm Pou Ou " Sou li n'ap gen chans tande vwa Seegy Cash ( Un des meilleurs dans le nord).
                Epi Jan Hassan TKGZ ap di'l toutan anpil lanmou a sa k'ap sipote"

Jl Beatz , Cadet Jack Homie ,Mike Ymf, Jeepo Man,Treyzi, Cariio Legend ,WTB.
Jay Amy, Xee ,Poupee Sargoo, E-M, Da Thony ,Encre D'Or,Keke,Ken
Fire Crew,TNT Nation,Buapen,In,TG
CSJ ,ISCCH




  • Smart Show 
  • Nelo Sound
  • Team Promo Smart Boyz

Aucun commentaire:

Publier un commentaire