dimanche 2 octobre 2016

PRESENTATION de BURNING FAT ASS


               
                             Bonswa tout fanatik Smart Show yo,tout moun kap suiv show sa de prè e de lwen, jodia se yon plezi pou'n prezante'w yon potorik fanm ki gen fanm nan fanm li.
                            Ann fe yon ti konesans avèl,fanm sa ap goumen lontan nan mouvman Rap Kreyol la,nan premye group li pase se te TAPAJEKIKLEYE se yon group fantom te kreye nan BPC an aprè li vin kitel pou rezon pèsonèl li,li te vin desann kot Mmix lan,alepok studio a te dèyè do lapolis la li pa la anko kounyea li nan ri Chavannes,li tal met vwa sou premye track solo li kite rele " Pa Kanpe La".yon track ki te konnen anpil siksè.
                            Apre tout long pakou sa yo DUG-G te fè apèl a li nan Mafia Republik ki anba label #PIWORECORDZ li patisipe sou tout projè piworecordz ofisyèl yo,tankou Album #Plis Motivasyon ki soti tout denyèman la,pou'n kontinye karyè MC a ansyen label P-Jay ki se #RKM records fè apèl a li pou lal rejwenn fanmi label sa kite deja genyen yon pakèt gwo MC ladan'l ke tout moun konnen BAKY, TOBY ect...pandan li rive nan label la li gentan reyalize yon mixtape ki titre #TOUT MOUN AP BOULE# pou'n kontinye toujou apre li fin soti mixtape la nan mwa ki sot pase yo,li fenk lage yon nouvo mizik ki prodwi pa FREDHYPE youn nan pi gwo prodiktè ke mouvman an te ka konnen an fen de fanm ma'p pale la li pa lot ke BURNING FAT ASS mesye,Dam.Li se MC mafyarepiblik li siyen anba label RKM records.

                                                                        Mèsi

Se te SMART SHOW



  • Smart Show 
  • Nelo Sound
  • Team Promo Smart Boyz

Aucun commentaire:

Publier un commentaire