dimanche 16 octobre 2016

INTERVIEW avec DONZERO S.A.M




Smart Show : Atis la koman w ye?
Donzero S.A.M : Map salye tout staf Smart Show a e tout fans mwen yo yon gwo big up.

Smart Show: Ok,se yon plezir pou nou genyen'w nan show sa la avèk nou.
Donzero : Se yon plezi pou mwen tou pou opotinite nou banm la jodia.

Smart show : Kijan aktivit eyo ye Menm Bo kote Pa'w ?
Donzero : Bon nou la nap swiv ak atansyon koz vi a nou pa k prese ak li.

Smart Show : Se trè byen atis la eskew ka prezante'w bay piblik la ?
Donzero : map di a gran piblik la kap swiv mwen de lwen e de prè ke non pa'm se Saint-Pierre         Luckenson,Mwen se yon jèn rapè ki underground non atis mwen se DONZERO S.A.M

Smart Show : Eskew k bay Piblik la plis detay,Kotew rete? Kisa ke wap fè kom aktivite apre Mizik la?
Donzero : Mwen fèt atibonit,espesyalman komin petit rivyè,Bon Lot bagay ke mwen fè apre Rap la,mwen c yon animatè ,mwen fè enpresyon sou mayo e mwen jwe foutbol tou.

Smart Show : Se trè byen atis la,nou kontan sa paske gen anpil jèn ki panse depi wap fè rap yo pa ka travay,sèl kontrole atis nan lari a,eskew ka di nou poukisa'w chwazi fè rap si'w se animatè?
Donzero : Sa se yon bèl kesyon mwen pat atann.

Smart Show : Lèw nan show sa fok ou atann ou a tout kesyon
Donzero : Bon se etrè byen,pou'm reponn ou kesyon an,gen nan atis kifè konprann ke se rap ki chwazi yo kifè yo fèl pou mwen se diferan koz mwen chwazi fè rap paskel nan sanm e m renmen'l tou,Rap se yon mouvman revolisyonè ki aprann mwen pase mesaj kap bon pou jenès la.

Smart Show: Bon dako yon yon lot show nap aprofondi kesyon sa plis,eskew ka di nou eskew gen pwojè an kour?
Donzero : mwen gn anpil pwojè ki an kour nan moman an tankou video mizik wout la lwen an apresa se soti 2 mizik kap anonse mixtape mwen an ki gen pou soti nan mwa mars 2017 la.

Smart Show : eskew ka di ki pi move ou pi bon moman ou pase nan tan sa yo ou gen wap fè mizik la?
Donzero : Pi move moman pou mwen se le map jwe yon pwogram m mal jwe,dezyèm bagay anko se le mwen bay animatè mizik mwen li boykote'm.Pou bon moman yo se le map jwe epi piblik la ap rele anmwe pou mwen e chante mizik lan avè'm,mwen vin santi travay map fè a pa anven.sa banm kouraj pou'm kontinye.

Smart Show : LlooooLll ok atis pou travay ou fè deja eskew satisfè? Anplis eskew gen neg kap push ou,pwomotè elatriye.....?
Donzero : Pou afè pwomotè mwen pa genyen se mwen ki fè san soti nan woch pou'm k kontinye.

Smart Show : Sa vle di an gwo ou animatè,Rapè e Pwomotè?
Donzero : LLoooolll,mwen poko satisfè de travay mwe fè yo,koz rèv mwen genyen an poko fin konkretize paskem poko fè hit nasyonal e entènasyonal,se sak fèm poko satisfè map tann jou pa'm nan.

Smart Show : Ki dènye mo atis la wap di a fanatik yo e siw tap bay yon konsèy pou lot atis yo,kisal tap ye?
Donzero : Mwen pap dil se yon dènye mo koz souf pap tou koupe,ok map di a gran piblik la e fanatik mwen yo mwen renmen nou anpil e m konnen nou renmenm tou se sak banm fos poum travay  e konsèy map bay pou lot atis parèy mwen yo,si rap se yon mouvman revolisyonè jan yo dil la ann met tet nou ansanm poun pwouvel.

Smart Show : dak atis se te yon plezir pou nou avek ou nan show sa jodia ,nou swete'w siksè.
Donzero : se te yon gran plezir pou mwen tou ,map di mèsi a tout staff la,mèsi a manman'm ,papa'm mèsi a tout fanatik yo ak tirivyè atibonit kifè'm sam ye jodia la ,mèsi anko

Smart Show : Mèsi Don,se te Smart Show nan tann tout moun pou yon lot show anko.




Smart Show TV    Byento sou Youtube


  • Smart Show 
  • Nelo Sound
  • Team Promo Smart Boyz

1 commentaire: