dimanche 2 octobre 2016

INTERVIEW AVEC LIL KOSHER


Smart Show : Bonswa Atis la komanw ye?
Lil Kosher :   Bon neg la nou poze?

Smart Show  : Byenvini nan Smart Show?
Lil Kosher :  Mèsi e se yon plezi pou mwen pou'm la avèk nou jodia .

Smart Show : Bon atis la jodia nou pral fe yon bon ti pale avèk ou la,eske'w prè pou'w reponn kesyon yo?
Lil Kosher : Bon m panse map fè tout sa ki depann de mwen?

Smart Show : Bon se trè byen,Atis la eske ou k prezante tèt ou dabo bay piblik la,fanatik ou yo?
Lil Kosher :  Jis avan map salye tout fanatik mwen yo,non pam se Ricardo Toussaint tout moun konnen'm sou non Lil Kosher. mwen fèt sen Rafayèl 3 février 1995,mwen grandi sen rafayèl mwen fè yon ti tan potoprens,bon kounyea mwen lokalizem nan okap, mwen se yon rapè,mwen fenk fini etid klasik mwen,mwen pral nan inivesite kounyea.

Smart Show : Se Depi kilè wap fè Rap Lil?
Lil Kosher : map fè rap depim piti,paske depim piti li se pasyon'm ,mwen komanse pèfome sou podium an 2008,se te nan yon aktivite kite rele promokilti,mwen chwazi fè rap se pa paske mwen pa polivalan, nan tout tandans yo mwen ka bay patisipasyon pa'm.

Smart Show : Eskew ka di nou ak ki label ou siyen oubyen eskew pou kont ou?
Lil Kosher : Bon an reyalite mwen pa ka di mwen nan yon prodiksyon men mwen gen Sadowsky Music Group ki edem anpil ,sak fem di sa paske pa gen yon kontra vrèman ki siyen poum ta di mwen anba label lan. E mwen espere yon jou pou'm anbal kanmenm paske Sadowsky music group fe anpil bèl travay pou mwen.

Smart Show : Komanw wè mouvman rap la ye la nan moman an?
Lil Kosher : Mwen wè mouvman an nomal men gen ti feblès se paske gen yon seri de mizik yon seri de rapè ap fè nan moman an,ki pa valide, dizon ki pa gen kenn sans,epi tèks yo jan yo ye a.yo pa gen okenn fon,map gade lontan jan nèg yo te konn pran san yo pou yo rive sou moun ak yon tèks kounyea pa gen sa.

Smart Show : Eske'w pa gen kenn Pwojè nan Moman yo la ki pral soti?
Lil Kosher : Bon mwen gen plizyè pwojè la men denyè pwojè a,se yon mizik kem pal mete deyo kap rele ALL EYES ON ME,ke sadowsky ap travay sou poster a,epi nap fwape,gen mizik nwèl tou kem panse mete deyo ane sa c avèk Ralphna,epi map di piblik ret branche.

Smart Show : Nan konbyen tan nou k espere pwojè sa?
Lil Kosher : Bon mizik sa ta sipoze fin anrejistre nan yon ti tan ki pa two lwen,lap soti avan eleksyon an ou aprè sa depan de jan sitiyasyon yo ye?


Smart Show : Eske'w pa gen video tou?
Lil Kosher : wi,mwen gen video deja,li rele OU SE PREMYE BOTE'M, mwen gen pwojè fè video mizik ke'm te soti ki rele MWEN ARETE POU MENAJ MWEN . Nan yon tan ki pa two lwen.

Smart Show : ki konsèy ou t k bay rapè parèy ou yo?
Lil Kosher : Konsèy kem k bay rapè yo nan moman an se chèche konnen sa ki rap la,kote li soti e ki wol li egzakteman,avan yo soti nenpot vye mizik ki vinn koz anpil moun pa tande rap,yo vin ap bouche koulwa lot ki gen talan yo.

Smart Show : ki dènye mo ou ka di a piblik la?
Lil Kosher :Dènye mo map di,avan tou m pap bliye salye sadowsky music group,yon nan pi gwo pi bèl pwodiksyon kem kontre nan vim,menm lè m poko siyen avèl pou bèl travay ke lap fè avèm nan mouvman an,Epi map di tout fanatik yo mèsi ret konekte ak Lil Kosher,sou facebook ,instagram twitter byento yo pral k jwi nouvo mizik mwen an,ALL EYES ON ME.epi yo gwo mèsi a Smart Show ki te envitem la ,Mèsi

Smart Show : Mèsi a ou menm tou Lil Kosher se te yon plezi.a la pwochèn.




  • Smart Show 
  • Nelo Sound
  • Team Promo Smart Boyz



3 commentaires:

  1. Bonswa Smart show e mèsi pou koulwa sa ou ofri jèn atis yo pou yo ka lye yo ak piblik la. Bonswa Li'l Kosher ki se yon talan Mw konsome pwodui l yo anpil! Mm swete nu kenbe la ak Show a, e Li'l Kosher kenbe la avèk pwojè yo puw fè zorèy Mw ak jem plezi! Respekte!

    RépondreEffacer