dimanche 25 septembre 2016

INTERVIEW AVEK ALMA DANGER


Smart Show : Bonjou Atis la, sa kap fèt la?

Alma Danger: Map di Bonjou a tout staf Smart Boyz la,kenbe la paske mwen we travay la pozitif e mwen apresye sa,big up pou tout fans mwen yo espesyalman tout moun Aquin mwen yo mwen konnen ki kwe nan mwen,epi tout bagay anfom la wi.

Smart Show: Ok Atis la se yon Plezi pou nou pou genyenw nan show sa avek nou Jodia
Alma Danger : Mwen ka di se yon gwo plezi pou mwen tou.

Smart Show  : Bon koman aktivite yo ye?
Alma Danger : Ebyen nou la nou poze.

Smart Show : An fèt eske an gwo ou k fè piblik la konn kiyès ou ye?

Alma Danger : Bon Mwen se Alma Danger Baby ke anpil moun konnenm sou non sa men vrè non pa'm se ROOBENS FIGARO,mwen se nèg Aquin 100% epi map tou pwofite big up team aquin 100% se team pam.

Smart Show : Mèsi Alma,poukisa ou chwazi fè Rap?

Alma Danger : Rezon ki fèm chwazi fè Rap se paske premyeman mwen renmen mouvman an e m gen lanmou pou mizik mwen gen yon rèv pou mizik em chwazi se avèk Rap poum fèl reyalize.Rèv la se fè non Aquin site nan tout mond lan pou'm pa di ayiti epi mwen twouve mesaj la pase pi fasil pi dirèk nan Rap epi Rap se mouvman  ki baw karaktè si tout fwa ou pa fèl pou foli,mwen fèl poum fè lajan tou.

Smart Show :  Se trè byen, m wè wap byen panse pou mouvman an men eske ou pa gen kenn pwojè pou le moman,demo, mixtape,e kisaw gen sou mache a deja.

Alma Danger : Mwen lage plizyè mizik popu teste mache men denye mizik mwen lage la ki se yon mizik lov,ke efè a trè pozitif li rele ( Mwen Vle Mennen'w) kem fe avek Ciyou Paradoks ki pase plis ke 60.000 download sanm poko vreman patajel nan radio e fè promotion,mwen gen pwojè fè video'l tou,map tou pwofite bigup tout medam mwen ki edem a mizik la se yon bagay m pa tap k fe pou kont mwen.Bizou medam. mwen gen pwojè mixtape men mwen poko ka bay dat koz tout bagay yo se mwen sèl ou konn pa gen sponsor,mwen oblije pasyan.

Smart Show : Eske'w k di nou pi bon moman ou pase nan Rap e ki pi move momoan ou pase tou?

Alma Danger : Sa poum ta pran pou move moman yo mwen pran yo kom Fos poum avanse koz mwen aprann de yo pou'm Alma sa mwen ye Jodia ,pi bon moman se lèm te wè tout timoun bo lakay mwen ap chante mizik mwen ,sitou denyè mizik mwen an,but gen anplis bon moman ki motivem poum travay plis tankou poum nan show sa jodia ,se yon bon moman paske bri a rive jus okap.

Smart Show : eske ou gen promotè Okap ?

Alma Danger : Mwen Panse mwen Jwenn bourad ti wendy kom yo gwo bout tonton pwomotè ki toujou ap banm back up pal mwen pa k di mwen gen pwomotè kem peye pou sa vre.Em Swete jwenn kèk.

Smart Show : Eskew marye,fiyanse oubyen.....?

Alma Danger : Bon Atis la poko gen laj pou bagay sa yo,lllloooolllll,atis la gen 2 zan depil fini ak etid li nou poko k bay tèt nou manti sa koz fok gen kob kap fèt pou'n jere koze sa yo.

Smart Show : bon,se te yon plezir pou nou Alma mwen kwe nou rive nan fen interview sa ki denye mo ou gen pou fanatik e ki konsèy ou gen pou lot atis ki nan mouvman an?

Alma Danger : Map di mèsi a Smart Boyz Production kite banm espas sa mèsi tout moun nèt. # Team Aquin 100%
#Teamfigaro
Byento Moun Okap map sou nou koz mwa novanm SDV map vin jwe okap.

Smart Show : Mèsi Alma Danger,nou te kontan genyen'w nan smart show, nou espere jwenn ou yon lot fwa anko,pote'w byen,swete'w siksè nan wout ou.

Alma Danger : Mèsi



Smart Show byento sou YOUTUBE


  • Smart Show 
  • Nelo Sound
  • Team Promo Smart Boyz

Aucun commentaire:

Publier un commentaire