mercredi 14 septembre 2016

INTERVIEW avec LINDSEY


Smart Show :  BJR Atis la koman'w ye?

Lindsey      : BJR a Tout ekip Smart Show,BJR tout fanatik mwen yo,tout sa kap supotem yo,epi nap kenbe gras Bondye.

Smart Show : Koman aktivite yo ye?

Lindsey        :Yo la Konsa konsa nap travay.

Smart Show : Bon,Lindsey se yon Plezi poun genyenw nan show a la avek nou jodia..

Lindsey        : C yon Plezi pou mwen menm tou.

Smart Show : Eskew k fon ti prezante'w bay piblik la jodia nan Show Sa?

Lindsey        : Non Pa'm se Joseph Marceline ke tout moun konnen'm sou non Lindsey.Mwen se Fanm Okap. Mwen fet nan yon Fanmiy Kretyèn,Mwen gen 2 sè ak 2 frè.Mwen fè lekol primè'm Fanelie François,e klas segondè mwen nan "Institut Nelson Mandela" .Mwen Renmen Mizik,se pasyon'm..mwen an koup ak Chris Brown...Riiiiiiiirre.

Smart Show : Mèsi Lindsey,Eskew ka di nou depi kilè ou nan mizik,poukisa tou ou chwazi chante e  Rape a la fwa?

Lindsey        : Se yon bèl Kesyon,Mwen te komanse pran mizik la pou pasyon'm,vi'm konsa jan'l ye la depi lèm nan 9eme ane.men avan tou map chante depi'm piti. Nan lekol mwen,lakay mwen,nan maryaj,ect....Men mwen rantre nan studio pou anrejistre mizik lèm nan 9eme.Tit mizik la se te "AMOU BONDYE".dezyèm fwa se te yon "Freestyle"kite rele CHIKUNGUNYA kote se mwen sel kite fiy ladan'l.Epi mwen Chwazi Rap se paske mwen renmen'l anpil,mwen konnen se yon mouvman ki pa fasil,men mwen vle goumen pou li,epi lèm ak Rapè yo mwen santi'm byen mwen santi'm nan po'm,se pa sèl Rapè yo non,tout sa ki kontribiye nan mouvman Rap la,Pwomotè,Beat Maker, Prodiktè yo ect...
Smart Show : Se trè enteresan Lindsey men eske'w gen yon plak deyor deja nan tan sa yo ou di nou  ou gen nan mizik la?

Lindsey        : Wi,Mwen gen Yon Demo deyor,se te avek G One Records ki gen Maestro Belo ladan'l. Apre se anpli featuring ak anpil lot atis ke'm pa menm ka rive konte. 

Smart Show : Eskew ka di nou ki pi move moman ou pase oubyen ki pi bon moman ou pase nan mouvman mizik la?

Lindsey       :an fèt mwen poko pase move moman,pou'm ta pase move moman se sim wè'm pa ka chante ni rape ankor..(Riiiiire) .Se toujou bèl moman sitou lè'm parèt yon kote fason yon akeyi'm fason yo trete'm.Se toujou yon plezir pou mwen.

Smart Show : Atis la yon Avan dènye kesyon pou nou fini.Eske'w gen projè nan moman sa la e nan  konbyen tan nou k espere youn?

Lindsey        :Wi,Pou'm Byen diw mwen fenk siyen ak yon "LABEL"ki rele "SMART BOYZ PRODUCTION".E mesye yo trè anfom se yon bèl ekip.Sa fèm plezi jwenn yon group jèn menm jan avèm kap panse pou mizik ayisyèn nan.mwen gen yon nouvo tit kem pral met deyo ak mesye yo la,lap rele "ALL EYES ON ME",se pral yon lot vybe,yon lot Lindsey pi elegant,pi koul toujou e pi fat sou yon bit.

Smart Show : Pou'n Fini Lindsey ki dènye mo ou ta renmen di piblik la,fanatik ou yo,epi lot rapè ki   nan mouvman an menm jan avèw.

Lindsey        : Deja map di mèsi a tout fanatik kap sipotem,sak renmen'm ni sak rayi'm tou paske se yo tout kap pèmèt mwen avanse,pou'm rive kotem vle ale a,Mèsi a ekip Smart Show a kite envitem nan :"Interview"sa.Mèsi a tout sa kap fè yon travay pozitif nan mouvman an.Mèsi a Obas e a Team Promo Smart Boyz la,mesye mèsi pou bèl travay nou komanse ap fè avèm e nap kontinye fè,mèsi a Acero Design ki banm bèl dizay sa.Epi mèsi a tout sa kap sipote.Team Promo Smart Boyz,Peterlee Jay,Plezi Pa Nou,The BG Vibe,Méet promo..Epi Smart Boyz For Life.....All Eyes on US.(Riiiiiiiiiire).

Smart Show : mèsi a ou menm tou Lindsey.Nou te kontan genyenw pami nou jodia,se te yon plezi,se te  avèk nou Atis Lindsey Mèdam ,Mesye..A la pwochèn..Nou La pou yon lot randevou.

                                                                                                                         Mèsi


  • Smart Show 
  • Nelo Sound
  • Team Promo Smart Boyz

Aucun commentaire:

Publier un commentaire