jeudi 22 août 2019

BIOGRAPHIE DU GROUPE THMG ( THUG'S LIFE MUSIC GROUP )


           THMG se yon gwoup ki fonde nan desanm 2015 men ide pou gwoup la nan Carl- Otantik epòk mesye avèk Small-Ga yon ide pou fòme yon gwoup mizikal ki te fè anpil mwa san non ( Anonim) Small-Ga se yon patnè ki te konn freestyle avèk Pic-Aldo sou whatsapp alepòk misye te gen non  (PICASSO ) paske li te renmen fè desen Small-Ga te vin mete pwojè a devan mesye san anpil pale PIC - ALDO te aksepte.
         
             Problèm nou te vin rankontre nou pat ka jwenn non pou nou bay gwoup lase na anpil reflechi PIC-ALDO te vin pwopoze non ki se THMG ki siyini THUG’S LIFE MUSIC GROUP ,nan epok sa te gen kek moun ki pat renmen non an akoz pou THUG la ,nou  te vin pran HANDSOMEBOYS non sa pat telman rete nan stil nou,nou te oblije jetel e reprann THMG an.sou plizyè mwa apre nou fin jwenn non egzak pou gwoup la nou t vin rankontre avek BIG-G kise yon ansyen kondisip SMALL-G ,jiska antre BIG -G nou potko te janm mete yon mizik deyo akoz nou pat gen mwayen epi tou antouraj nou pat vle gwoup la fonde yo te di di se foli.men nan yon ti tan apre PIC-ALDO te vin prezante gwoup la yon pwojè ki titre ( RIT LA ) men sa pat mache,nou te vin gen yon lot pwoje kite titre ( NOU PARE ) mizik sa te reyalize gras yon patnè ki rele ALGOR paske nou potko te gen manager men akoz se premye rantre nou nan studio mizik lan pat bon nou pat soti’l,nou te vin soti yon lot mizik 26 juin 2017 (GEN TWÒP TEAM) kite yon enòm siksè pou nou kite fè anpil moun ap pale de nou.
          Premye pwogram nou te jwe se nan anivèsè DJ FAYO DOPE kise aktyèl DJ gwoup la.gwoup la te vin gen difikilte paske pat gen moun ki pou te fè RNB avèk refren yo puiske nou tout se te rapè.e nou te vin pran JUNIOR LG yon ansyen Chanpyon nan konkou SCHOOL STARS ,e nou te vi soti yon nouvo projè ( TOUT MAK FANM ) ki te fè plis ke 200K downloads 
       E LENTZ BEATZ te vin òganize yon konkou ki te titre SUMMER VIBES nou te patisipe ladanl men nou pat rive chanpyon .e la nou te vin lanse pou tout bon.
nou vin gen manager ( SANDLY ) e nou vin gen atis ki entegre gwoup la se te NEMAY7 avek SMARTBOY DEXTERLIFE.
       Nou vin fè plizyè lòt mizik tankou ( SIKILE - MIXE’M) kite fwape lari a e sitou avek slogan (les Thugs dans la Maison) se mizik kite met group la sou pye li pou premye Album li ki se ( RAP OR DIE ).

MAESTRO PIC-ALDO

Aucun commentaire:

Publier un commentaire