dimanche 15 octobre 2017

INTERVIEW avec ROBILLARD du groupe ANBYANS TET DWAT

Smart Show : Atis la koman w ye la?
Robiyar    :     Ebyen nan Non Bondye nan syèl la nap kenbe?

Smart Show : Nou kontan genyen w nan Show an la avèk nou,se vrèman yon plezi.
Robiyar :    Pou mwen menm tou plezi an pataje.

Smart Show :Bon Robi m gen enpresyon ke nou pral fè yon bon ti pale jodia,men Avan eske w k fè yon ti prezante w bay moun yo kap swiv Show sa soufacebook,whatsapp,elatriye.
Robiyar : Avan tou map salye tout fanatik show sa ,fanatik Robiyar e fanatik ANBYANS TET DWATmwen rele Robillard Nougeson ke tout moun konnen sou non Robiyar Diferans  lan.

Smart Show:Eskew k di nou pouki non sa.DIFERANS Lan?
Robiyar :  Bon se jus ke lèw wèm m jus diferan, e nan tout sa map fè nèt,lè map chante,e menm lè map enjoy a fanatik yo.

Smart Show :Eske w ka di nou moun ki kote w ye, e ban nou yon ti kal nan pakou mizikal ou?
Robiyar :  Mwen se  moun okap natif natal, mwen fèt nan lopital jistiyen.mwen fè etid mwen {Collège Notre Dame du Perpetuel Secours}mwen etidye  {Administration des  ONG à l ISADRU,Gestion a FDSEG( Faculte de Droit des Sciences Economiques  et de Gestion)}.

Smart Show :Eske w k ba nou yon ti kal nan pakou mizikal ou?
Robiyar :      Bon premye Djaz mwen se te CND Express ,yon Djaz kite kolèj la menm e an 2011 mwen vin entegre Alèz Pi Move pou rive 2014. an 2015 mwen vin entegre Septentrional pou rive 2016. E kom ou konnenl deja nan moman an mwen nan Anbyans Tèt Dwat. kote ke mwen deja gen 3 mois selman.

Smart Show :Eskew poko gen kenn pwojè ki nan wout la ak fòmasyon ANBYANS  TET DWAT la nan moman an?
Robiyar :  Mwen ka di nan moman an la djaz la ap prepare albòm li la,nou nan estidyo ap travay chak  jou.e trè prochènman wap gen plis toujou.

Smart Show : Enteresan Atis la. mèsi pou ti chita pale sa,se te Smart Show,E nou remèsyew dèske w te avèk nou jodia.eskew gen yon dènye mo wap di fanatik yo?
Robiyar :   Jis avan male map di mèsi a tout fanatik ki avè nou, kap swiv nou nan tout peyi a pou nou pa di mond la, mèsi pou sipò nou san nou nou pa tap anyen e toujou rete avèk nou..trè  byento kè nou pral kontan..Tchano Nava Una Aya e mèsi a ou tout ekip Smart  Show a. 
                     
                     One love