dimanche 15 octobre 2017

INTERVIEW avec ROBILLARD du groupe ANBYANS TET DWAT

Smart Show : Atis la koman w ye la?
Robiyar    :     Ebyen nan Non Bondye nan syèl la nap kenbe?

Smart Show : Nou kontan genyen w nan Show an la avèk nou,se vrèman yon plezi.
Robiyar :    Pou mwen menm tou plezi an pataje.

Smart Show :Bon Robi m gen enpresyon ke nou pral fè yon bon ti pale jodia,men Avan eske w k fè yon ti prezante w bay moun yo kap swiv Show sa soufacebook,whatsapp,elatriye.
Robiyar : Avan tou map salye tout fanatik show sa ,fanatik Robiyar e fanatik ANBYANS TET DWATmwen rele Robillard Nougeson ke tout moun konnen sou non Robiyar Diferans  lan.

Smart Show:Eskew k di nou pouki non sa.DIFERANS Lan?
Robiyar :  Bon se jus ke lèw wèm m jus diferan, e nan tout sa map fè nèt,lè map chante,e menm lè map enjoy a fanatik yo.

Smart Show :Eske w ka di nou moun ki kote w ye, e ban nou yon ti kal nan pakou mizikal ou?
Robiyar :  Mwen se  moun okap natif natal, mwen fèt nan lopital jistiyen.mwen fè etid mwen {Collège Notre Dame du Perpetuel Secours}mwen etidye  {Administration des  ONG à l ISADRU,Gestion a FDSEG( Faculte de Droit des Sciences Economiques  et de Gestion)}.

Smart Show :Eske w k ba nou yon ti kal nan pakou mizikal ou?
Robiyar :      Bon premye Djaz mwen se te CND Express ,yon Djaz kite kolèj la menm e an 2011 mwen vin entegre Alèz Pi Move pou rive 2014. an 2015 mwen vin entegre Septentrional pou rive 2016. E kom ou konnenl deja nan moman an mwen nan Anbyans Tèt Dwat. kote ke mwen deja gen 3 mois selman.

Smart Show :Eskew poko gen kenn pwojè ki nan wout la ak fòmasyon ANBYANS  TET DWAT la nan moman an?
Robiyar :  Mwen ka di nan moman an la djaz la ap prepare albòm li la,nou nan estidyo ap travay chak  jou.e trè prochènman wap gen plis toujou.

Smart Show : Enteresan Atis la. mèsi pou ti chita pale sa,se te Smart Show,E nou remèsyew dèske w te avèk nou jodia.eskew gen yon dènye mo wap di fanatik yo?
Robiyar :   Jis avan male map di mèsi a tout fanatik ki avè nou, kap swiv nou nan tout peyi a pou nou pa di mond la, mèsi pou sipò nou san nou nou pa tap anyen e toujou rete avèk nou..trè  byento kè nou pral kontan..Tchano Nava Una Aya e mèsi a ou tout ekip Smart  Show a. 
                     
                     One love

samedi 18 février 2017

NOT POU FANATIK ''SMART BOYZ PRODUCTION''












''Staff  Smart Boyz Production'' an ap fe tout fanatik li yo konnen ke nap kontinye travay ak tout nou menm pou nou few plezi,apre kanaval la ranje ko nou pou anpil nouvo bagay kap gen nan 2017 la......

Gen Anpil

  •     New track''.
  •     New Video
  •     Ak Anvil Lot bagay
  •      Foire Gastronomique 1er ak 2 Mai 
  •     Soiree Acoustique mwa  (Aout)
  •     Concours Chant Evangélique ( ....)

    Gwo Bout bagay la menm c Awards pou Atis Okap yo,Atis yo Travay ranje Ko nou fe bon Bagay poun pa vin di gen Patipri. Fe


Yon Sel Staff la
                           Nelo Sound Studio
                          Smart Show
                           Smart Boyz Production